Jodi a, GLAD onore Jounen Silans anyèl GLSEN an, yon evènman nasyonal ki dirije pa elèv pou sansibilize moun sou entimidasyon ak arasman jèn LGBTQ nan lekòl epi pou pwoteste pasifikman kont entimidasyon ak arasman jèn LGBTQ yo. Tout elèv, kèlkeswa oryantasyon seksyèl yo oswa idantite sèks yo, gen dwa pou yo trete yo avèk diyite ak respè, tankou dwa pou yo patisipe nan Jounen Silans lan. GLAD sipòte elèv LGBTQ yo ak alye yo ki patisipe nan jou enpòtan sa a, ansanm ak lekòl yo ak administratè yo ki akomode dwa yo pou patisipe.

Si w nan Nouvèl Angletè epi w ap fè fas ak pwoblèm oswa ou pa resevwa sipò jodi a, oswa nenpòt lòt jou, kontakte GLAD Answers nan www.gladanswers.org oubyen rele 800-455-GLAD.

Aprann plis bagay sou Jounen Silans anyèl GLSEN an.

Aprann plis bagay sou dwa libète lapawòl elèv yo nan lekòl piblik yo.