MIZAJOU 31 Jiyè 2022: Sesyon lejislatif MA 2022 a te fini san yo pa fè avanse pwojè lwa sa a. GLAD ap kontinye defann lejislasyon ak politik pou amelyore kondisyon prizon pou moun LGBTQ+ yo ak moun ki gen risk pou yo pran oswa k ap viv ak VIH.

GLAD ap defann Lwa sou DWA yo (Yon Lwa pou Ankouraje Reyabilitasyon, Ki Gen Ladan Garanti Sante, Tretman, ak Sekirite pou Moun LGBTQI+ Ki Nan Prizon – S.1566 / H.2484) an patenarya avèk Black and Pink MA.

Objektif pwojè lwa sa a se amelyore kondisyon anprizònman pou moun LGBTQ+ yo ak moun ki gen risk pou yo pran VIH oswa k ap viv avèk li. Toupatou nan peyi a, moun LGBTQ+ ki nan prizon yo sibi gwo pousantaj abi fizik, seksyèl ak emosyonèl. Lejislasyon sa a travay pou adrese bezwen fondamantal moun LGBTQ+ ki nan prizon yo: sekirite, lojman, swen sante, ak pwogram afimasyon. Pwojè lwa a gen pou objaktif tou pou diminye itilizasyon anprizònman solitè epi egzije koleksyon done sou oryantasyon seksyèl ak idantite seksyèl.

Ou ka aprann plis bagay sou pwojè lwa sa a sou Fèy Enfòmasyon sou Lwa sou DWA yo soti nan Black and Pink MA. Moun ki patwone pwojè lwa sa a se Reprezantan Jack Lewis ak Senatè Julian Cyr.