Tout timoun nan Rhode Island bezwen e merite yon relasyon legal ki an sekirite ak tou de paran yo. Ko-paran LGBTQ nan Rhode Island ak lòt kote kontinye ap fè fas ak reyalite ke lòt eta yo ka fè diskriminasyon kont yo epi pa rekonèt estati legal yo kòm paran. Sa kite tou de paran yo ak timoun yo vilnerab a danje lè y ap vwayaje oswa demenaje nan yon lòt eta. Pou rezon sa a, koup LGBTQ yo dwe konplete adopsyon timoun ki fèt avèk yo atravè teknoloji repwodiksyon asistans pou yo ka jwenn yon jijman tribinal ki pral respekte nan tout Etazini ak entènasyonalman.

Piske anpil fanmi LGBTQ fè pitit yo grasa teknoloji repwodiksyon asisté, paran LGBTQ yo twouve yo nan sitiyasyon etranj pou yo oblije adopte pwòp pitit yo. Sa a se yon sitiyasyon paran ki pa LGBTQ pa abitye rankontre.

H. 5706 – Yon Lwa ki gen rapò ak Relasyon Domestik - Adopsyon Timoun kodifye yon pwosesis senplifye pou adopsyon ko-paran pa koup LGBTQ ki fè petisyon pou adopte pwòp pitit yo pou asire rekonesans inivèsèl ak respè pou paran yo. Pwojè lwa sa a pral asire plis klarite, efikasite ak konsistans nan pwosesis adopsyon an.

Nan dat 20 mas 2019, Avoka Prensipal GLAD la, Patience Crozier, te soumèt temwayaj an sipò H. 5706. Li l isit la.

Klike la a pou yon fèy enfòmasyon sou pwojè lwa sa a.