Lalwa aktyèl Massachusetts la pa pwoteje tout timoun ak fanmi egalman. Timoun ki fèt ak paran ki pa marye oswa LGBTQ+, ak timoun ki fèt atravè repwodiksyon asisté, pa gen yon mwayen dirèk pou etabli relasyon legal yo ak paran yo. Sa kite yo vilnerab epi li ka lakòz domaj grav.

La Lwa sou Parante Massachusetts la pral mete ajou lalwa leta a pou asire tout fanmi yo rekonèt, respekte, epi pwoteje – kèlkeswa jan yo fòme.

Fanmi nou yo pa ka tann ankò pou yo gen aksè egal a pwoteksyon familyal. Epi ou menm ou ka fè yon diferans.

Lejislatè yo bezwen tande pale de ou.

Di lejislatè yo poukisa ou sipòte Lwa sou Parante Massachusetts la. Ou vle fè mesaj ou a vin pi puisan toujou? Bay pwoblèm nan yon figi lè w pataje yon foto fanmi w.

Men kijan li fonksyone:

  1. Ranpli enfòmasyon debaz yo anlè fòm lan. Sa pèmèt nou voye mesaj ou a bay lejislatè ki kòrèk la.
  2. Telechaje yon foto fanmi ou pou montre lejislatè ou a figi ki dèyè efò sa a.
  3. Pèsonalize lèt la pou pataje poukisa ou bay tèt li pwoblèm pou pase MPA a.
  4. Chwazi "Soumèt" lè ou fini.
  5. Nou pral enprime lèt pèsonalize ou a ansanm ak foto a, apresa nou pral voye l pa lapòs oswa livre l dirèkteman nan biwo lejislatè ou a!