Gay & Lesbian Advocates & Defenders (GLAD), òganizasyon legal ki kreye yon presedan e ki te goumen pou dwa LGBTQ ak VIH pandan prèske 40 ane, ap anonse yon nouvo non: GLBTQ Legal Advocates & Defenders (GLAD).

GLAD, ki lajman rekonèt pou enpak li, te pote egalite maryaj an premye nan Massachusetts, epi answit nan tout nasyon an avèk viktwa Lakou Siprèm nan an 2015 nan ka Obergefell kont Hodges. Travay GLAD la te pwodui avansman pou dwa transjèn yo, sekirite lekòl, adopsyon dezyèm paran, pwoteksyon pou moun k ap viv ak VIH, ak anpil lòt bagay ankò. Twa avoka GLAD te plede devan Lakou Siprèm Etazini.

Lè GLAD te fòme an 1978 an repons a yon operasyon anti-gey nan Bibliyotèk Piblik Boston an, fondatè li yo te fè espre mete mo "gey" ak "lezbyèn" nan non òganizasyon an, pou mete mo sa yo, kominote a, ak moun ki te konpoze kominote a yon fason klè e ouvè devan jij yo, avoka yo ak tout sistèm legal la.

“GLAD te louvri yon seri viktwa legal pou moun omoseksyèl, lezbyèn, biseksyèl, transjèn ak moun queer atravè Nouvèl Angletè ak nan tout peyi a,” te di Janson Wu, Direktè Egzekitif GLAD. “Pandan n ap kontinye travay pyonye nou an, nou fyè pou nou pote tout kominote nou yo anba non nou.”

GLAD ap kontinye itilize zouti prensipal li yo ki se litij, defans politik piblik, ak edikasyon piblik pou reyalize presedan inovatè nan dwa LGBTQ yo. Òganizasyon an ap apwofondi epi elaji travay li sou ekite ekonomik ak rasyal, ranfòse patenarya ak lòt òganizasyon LGBTQ ak alye, epi ogmante konsantrasyon li sou aksè a lajistis pou tout moun.

“Nou kontan anpil pou travay ki devan nou an, ak posiblite pou nou pote eksperyans, ekspètiz ak pasyon nou nan pwojè pou fè mond nou an pi jis e pi ekitab,” te di Prezidan Konsèy Administrasyon GLAD la, Dianne Phillips. Konsèy la te adopte nouvo non an a l'unanimite e anplwaye yo te sipòte l' avèk anpil antouzyas.

Pou plis enfòmasyon sou nouvo non GLAD la, vizite www.gladlaw.org

Gade ti videyo sa a pou w aprann plis sou kijan GLAD ap fè egalite pi devan pou nou tout.