Nouvèl
9 novanm 2016
Nou poko konnen tout enpak devastatè eleksyon yè a, men mwen reveye maten an avèk konesans ke, anvan tout bagay, nou dwe pran swen youn lòt.
Sa a se pa bagay ki òdinè. Diskou rasis, mizogjini ak islamofobi ke nou te andire pandan kanpay la pa ka tounen politik, epi li pa ka vin tounen sa nou ye. Tout efò kolektif nou yo pral pi enpòtan pase tout tan.
• Li pral pi enpòtan pase tout tan pou nou pran swen moun ki pi vilnerab nan kominote nou an, tankou moun ki gen koulè, jèn yo, moun transjèn yo, minorite relijye yo, imigran yo, ak moun ki gen ti revni yo.
• Li pral pi enpòtan pase tout tan pou nou defann Konstitisyon nou an ak pwomès fondamantal li yo sou egalite.
• Li pral pi enpòtan pase tout tan pou nou itilize tout zouti ki disponib pou nou – litij, defans dwa sivil, ak dyalòg sou nivo lokal ak nasyonal – pou pwoteje pwogrè 50 dènye ane yo, depi kòmansman mouvman dwa sivil modèn yo.
• Li pral pi enpòtan pase tout tan pou nou kontakte chak Ameriken ki gen bon volonte pou nou reyini ansanm kòm yon sèl mouvman jistis.
GLAD p ap ale okenn kote. Nou la, epi n ap kontinye goumen ak tout fòs nou pou nou tout.
Kominote nou an te deja travèse moman trè difisil anvan, epi chak fwa, kominote nou an te fè yon pa anlè – paske nou gen rezistans, nou brav, epi nou fò.
Tanpri rete an kontak pandan mwa k ap vini yo. Nou vle tande nouvèl ou. Si ou gen yon pwoblèm legal, Repons GLAD la pou ou. Pale avèk nou sou FacebookVoye yon imèl Nou pral bezwen kontinye pale pou nou ka pran swen youn lòt, pandan n ap avanse ansanm pou goumen pou jistis pou tout moun.
Nan solidarite,
Janson Wu
Direktè Egzekitif
