Nouvèl
6 novanm 2012
Moun ki rete Main nan di WI pou egalite nan maryaj e byento tout moun ki rete Main nan pral kapab marye ak moun yo renmen an.
“Aswè a nou kontan anpil, rekonesan, e nou santi nou onore,” Lee Swislow, Direktè Egzekitif GLAD la, di. “Nou felisite pèp Maine ak remèsye l ak tout kè nou paske yo te koute ak kè ak lespri ouvè, epi yo te aksepte egalite pou sitwayen omoseksyèl ak lezbyèn yo. Mainers United for Marriage te fè yon kanpay sipèb, e mwen pa ka ase fè lwanj pou tout anplwaye ak volontè kanpay la.”
Mary L. Bonauto, Direktè Pwojè Dwa Sivil GLAD la epi yon rezidan Maine ajoute, “Genyen maryaj nan Maine se yon bagay ki pwofondman enpòtan pou nou menm k ap viv isit la, tankou mwen menm ak fanmi mwen. Kounye a nou ka espere wè yon eksplozyon bonè, pandan koup yo – kit se ansanm pandan plizyè mwa oswa plizyè dizèn ane – ka finalman pran angajman sa a youn anvè lòt. Mwen fyè anpil de moun Maine yo paske yo pataje enkyetid yo, yo tande istwa nou yo epi yo jwenn yon tè komen pou vote wi.”
Yon inisyativ apwouve pa votè yo antre an vigè 30 jou apre Gouvènè a fin pwoklame rezilta eleksyon an. Pwoklamasyon Gouvènè a ka vini jiska 10 jou apre Sekretè Deta a fin fè tablo rezilta eleksyon yo. Sekretè a gen jiska 20 jou pou l fini tablo sa yo. Kidonk, pi bonè lisans maryaj yo ap disponib pou koup menm sèks yo se plis pase 30 jou epi nan pi plis 60 jou apre eleksyon an.
GLAD salye patnè kowalisyon li yo EqualityMaine, Maine Women's Lobby, American Civil Liberties Union of Maine, ak EngageMaine, ansanm ak òganizasyon patnè nasyonal yo Freedom to Marry, Human Rights Campaign, ak Task Force la.
Chemen pou rive nan egalite nan maryaj la te kòmanse 6 an de sa avèk yon desizyon kowalisyon pou kontinye ak efò edikasyon piblik ak lejislasyon maryaj. An 2009, Maine te vin premye eta ki te pase yon lejislasyon egalite nan maryaj epi ki te fè yon gouvènè siyen l. Viktwa a te anile an Novanm 2009 lè votè yo te apwouve yon kesyon bilten vòt ki te mete veto sou lwa sa a anvan li te antre an vigè. Kowalisyon an te regwoupe tèt li, li te mennen yon kanpay edikasyon piblik ki te dire dezan, epi li te deside an Janvye 2012 pou kontinye dirèkteman nan bilten vòt la.
Moun ki gen kesyon sou kilè ak kijan yo ka marye, ka kontakte Liy Enfòmasyon Legal GLAD la nan 1-800-455-GLAD oubyen www.gladlaw.org/dwa.

